Enjenyè Ortiste Desimar Kandida pou Majistra Vil Okap ranfòse demach entènasyonal li pou devlopman vil la
Written by admin on March 19, 2026

Enjenyè Ortiste Desimar
Kandida pou Majistra Vil Okap ranfòse demach entènasyonal li pou devlopman vil la
Nan kad vizyon mwen pou pote yon chanjman reyèl ak devlopman modèn nan vil Okap, mwen te fè yon vizit travay enpòtan nan City of Miami Beach kote mwen te rankontre ak plizyè gwo responsab administratif ak enstitisyonèl. Pami pèsonalite mwen te gen privilèj rankontre yo genyen Deputy City Manager la, City Manager la, ansanm ak Madam Bernice Fidelia Morris, ki se youn nan responsab nan biwo Mayor vil la.
Rankont sa yo te konsantre sou kestyon estratejik tankou planifikasyon iben, jesyon drenaj ak inondasyon, pwòpte piblik, limyè vil la, sekirite ak devlopman touris. Objektif demach sa a se chèche bon modèl jesyon vil ak etabli patenarya ki kapab ede akselere modènizasyon ak transfòmasyon vil Okap.
Nan deplasman sa a, mwen te akonpaye pa Manny Alvarez, chèf kanpay mwen, ansanm ak Zenono Jean-Baptiste, youn nan konseye estratejik mwen yo. Ansanm, nou te gen opòtinite rankontre plizyè kad teknik ak administratif ki montre ouvèti pou echanj eksperyans ak kolaborasyon nan lavni.
Apre rankont ofisyèl sa yo, mwen te patisipe nan emisyon espòtif “Sport Pale Boul” sou radyo WSRF 1580 AM ak 99.5 FM. Emisyon sa a te pèmèt nou diskite sou kestyon espò, lidèchip kominotè ak devlopman jèn yo nan sosyete a.
Nou te pwofite mete aksan espesyal sou Pak Saint-Victor la nan vil Okap, ki se youn nan prensipal teren foutbòl istorik vil la. Mwen te prezante vizyon mwen pou reamenaje ak modènize espas sa a pou li ka vin yon sant espòtif modèn, sekirize ak byen ekipe, ki kapab ankouraje devlopman talan jèn yo epi kontribye nan dinamize lavi sosyal ak ekonomik vil la.
Antanke kandida pou majistra Okap, mwen rete angaje pou kontinye chèche patenarya entènasyonal, ranfòse prezans mwen nan dyaspora a, epi prepare solisyon konkrè pou devlopman dirab vil nou an. Mwen gen konviksyon ansanm nou kapab konstwi yon Okap modèn, pwòp, òganize ak pwospè pou jenerasyon k ap vini yo.